7 8 PAPYE – Yo aksepte tout kalite papye pou resiklaj sof si li sal, dechikte, metalik oswa sire. Ou dwe retire papye jounal nan pòch an plastik yo anvan ou mete yo nan bokit resiklaj ou a. BWAT AN METAL – Tanpri rense tout bwat an aliminyòm, asye ak anfè blan anvan ou mete yo nan bokit fatra a. Rès manje kontamine papye ki nan bokit fatra w e li vin fè li pa akseptab pou resiklaj. Plato aliminyòm jetab ki pa gen rès manje ladan ka resikle tou. KATON – Nenpòt kalite bwat ki pa gen yon kouch sire ka resikle. Kraze gwo bwat yo pou ka gen plis plas nan bokit fatra w. Bwat yo ki te gen yon likid (bouyon, ji, lèt, elatriye.) oswa manje konjele gen yon kouch sire e yo pa kapab transfòme. RESIPYAN AN PLASTIK – Se sèlman resipyan ki make avèk #1 - #7 ke yo aksepte nan bokit fatra w. Li oke pou kite bouchon sou resipyan yo. Plastik ki pa make pa aksepte. Chèche triyang resiklaj ki agoch la sou pati anba oswa akote resipyan an. BOUTÈY AK PO AN VÈ – Yo aksepte boutèy ak po an vè koulè klè, mawon ak vèt. Li oke pou kite bouchon sou resipyan yo. Tanpri rense tout rès manje ki nan boutèy oswa po yo anvan ou mete yo nan bokit resiklaj la. Rès manje kontamine papye ki nan bokit ou a e li vin fè li pa akseptab pou resiklaj. Toupatou nan Konte Lee yo bay sèvis koleksyon sou twotwa pou kay yonsèl fanmi, de fanmi, twa fanmi ak kat fanmi. Yo bay yon bokit fatra gratis pou chak kay. Bilding plizyè fanmi yo jeneralman gen yon pwen koleksyon santral nan pwopriyete a – tanpri tcheke avèkmanadjèpwopriyetewpoukajwennenfòmasyon spesyal. RESIKLE ENTELIJAN - Resiklaj Si ou gen dout, jete l! Yo aksepte sèlman senk materyèl sa yo lki liste nan paj 8 nan bokit fatra oswa resipyan sou twotwa w – ou ka mete toulè senk bagay sa yo ansanm; ou pa bezwen lòt bokit separe. Pwodui resiklaj yo bezwen espas. Pa mete nan sachè oswa fè “nich” avèk resiklaj ou yo. Ou dwe mete yo poukont yo nan bokit la pou yon transfòmasyon ki pi fasil.